Logo Top Cash
Konekte

Sevis Nou Yo

Tout sèvis transfè lajan ki disponib nan Top Cash. Chwazi sèvis ki pi adapte ak bezwen ou. Senp, rapid, ak an sekirite.

Tout Sèvis Nou Yo

Voye Lajan

Voye lajan rapidman bay fanmi ou ak zanmi nan tout peyi a.

Wè detay

Pran Lajan

Resevwa lajan ki te voye pou ou nan nenpòt pwen Top Cash.

Wè detay

Kont Mobil

Kreye yon kont pou sere lajan ou ak fè peman san lajan fizik.

Wè detay

Dépliye Lajan

Retire lajan sou kont mobil ou nan nenpòt pwen Top Cash.

Wè detay

Transfè Entènasyonal

Resevwa lajan ki soti lòt peyi nan men fanmi ou ki ap travay.

Wè detay

Vin yon Kliyan

Kreye kont ou jodi a pou kòmanse itilize tout sèvis yo.

Kòmanse kounye a

Voye Lajan

Sèvis pou voye lajan bay moun nan tout peyi a. Imedya, an sekirite, ak pri ki ba.

Kijan sa mache?

  1. Ale nan yon pwen Top Cash (ajan otorize)
  2. Bay nimewo telefòn moun k ap resevwa a
  3. Bay montan ou vle voye a
  4. Resevwa kòd transfè a
  5. Voye kòd transfè a bay moun ou voye lajan an, pou li ka pran lajan an

Resevwa lajan

Resevwa lajan yo te voye pou ou … kijan pouw pran lajan

Kijan pou pran lajan?

  1. Jwenn kòd transfè a nan men moun ki voye lajan an
  2. Ale nan nenpòt pwen Top Cash
  3. Bay yon piyès idantitew ki pa ekspire
  4. Bay kòd transfè a
  5. Resevwa lajan ou an kach

Enfòmasyon enpòtan

  • Pa bezwen kont pou pran lajan
  • Disponible 24/7 nan pwen yo
  • Pa gen frè pou pran lajan

Kont lajan

Yon kont pou sere lajan ou ak fè peman san lajan fizik. Sekirize ak fasil pou itilize.

Avantaj kont lajan

  • Sere lajan ou an sekirite
  • San frè pou kenbe kont la
  • Sekirite total ak kòd sekrè

Kijan pou kreye kont?

klike nan bou kreye kont lan

  1. Ou dwe genyen yon piyès idantite ki pa ekspire
  2. Ou dwe genyen yon imèl ak yon nimewo telefòn ki disponib ou aktif
  3. Klike sou kreye kont
  4. Li tout enfòmasyon ki nan enstriksyon an
  5. Ranpli fomilè a
  6. Jwenn yon ajan komèsyal depoze 100 goud sou kont ou

Transfè Entènasyonal

Resevwa lajan ki soti lòt peyi. Konekte ak fanmiw kap travay aletranje .

Peyi ki disponib

  • Etazini (USA)
  • Repiblik Dominikèn
  • Chili

Kesyon Ki Poze Souvan

Konbyen tan li pran pou yon transfè rive?

Transfè yo imedya! Lajan an rive nan kont benefisyè a nan maksimòm 2 minit apre konfimasyon peman an.

Èske mwen bezwen kont pou pran lajan?

Non, ou pa bezwen kont Top Cash pou pran lajan. Jis kòd transfè a ak yon pyès identite valab.

Ki limit pou mwen voye lajan?

Ou ka voye jiska 50,000 HTG pa tranzaksyon, ak yon limit total 200,000 HTG pa jou.

Konbyen tan yon transfè rete aktif?

Transfè yo rete aktif pou 30 jou. Apre sa, lajan an retounen bay moun ki te voye a.

Kijan mwen kreye yon kont Top Cash?

Klike sou kreye kont

Pare Pou Kòmanse?

Kreye yon kont jodi a pou jwenn aksè a tout sèvis Top Cash. Senp, rapid, ak an sekirite.