Logo Top Cash
Konekte

Kiyes Nou Ye?

Top Cash se plis pase yon sèvis transfè lajan. Nou se yon patnè finansye ki konprann bezwen ou, yon ekip ki la pou sèvi popilasyon ayisyen an ak solisyon finansye inovatè, rapid ak apwóchab.

0 Pwen Servis

Misyon Nou & Vizyon Nou

Fondasyon ki direksyone travay nou chak jou

Misyon Nou

Fè transfè lajan ant moun ak biznis pi fasil, pi rapid ak plis sekirite posib, pandan n'ap bay tout kliyan nou yo yon eksperyans eksepsyonèl. Nou vize diminye baryè finansye epi ankouraje enklizyon finansye nan tout kominote nou sèvi.

Chak transfè se yon opòtinite pou nou kreye yon relasyon ki gen konfyans ak reponsablite.

Vizyon Nou

Nou vize pou nou tounen platfòm transfè lajan ki pi anpenpan ak pi konfye nan rejyon Karayib la, ki konn adapte ak bezwen lokal yo pandan n'ap itilize teknoloji avanse pou amelyore eksperyans kliyan.

Nan ane kap vini yo, nou preve etann sèvis nou yo nan plis peyi epi ofri plis opsyon finansye pou tout moun, san diskriminasyon.

Valè Fondamantal Nou

Prensip ki gide chak desizyon nou pran

Sekirite

Sekirite fon ou se priyorite nimewo 1 nou. Tout transaksyon yo pwoteje ak teknoloji dènye kri. Ou ka konte sou nou pou bous ou an sekirite.

Vitès

Nou konprann ke tan ou se valab. Se poutèt sa nou kreye yon sistèm ki pèmèt fè tranzaksyon lajan nan yon minit.

Konfyans

Nou bati relasyon solid ak kliyan nou yo. Transparans ak onètete se fondasyon relasyon sa yo.

Kominote

Nou kwè nan pouvwa kominote a. Nou sèvi kòm yon lyen ant moun, fanmi ak biznis, kreye yon rezo sipò finansye solid.

Inovasyon

Nou toujou ap chèche fason nouvo pou amelyore sèvis nou yo. Teknoloji se zouti prensipal nou pou reyalize sa.

Sèvis Eksepsyonèl

Nou pa sèlman ofri yon sèvis, nou ofri yon eksperyans. Ekip nou an la pou ede ou 24/7 ak yon souri ak pasyans.

Patisipe nan Vwayaj Nou

W'ap chèche yon sèvis Finansye serye ou ka konte sou nou ? Oswa ou vle vin yon pati nan ekip nou k'ap chanje jan moun fè biznis nan peyi a?